Bilten nou pran lapawòl

« Nou pran lapawòl », se yon zouti pou kontinye lit pou mas yo soti nan je wè bouch pe, pou moun sispann pale pou nou. Depi 1994, SAKS ap reyalize bilten sa a, kidonk lane 2012 la fè 18 lane depi “Nou pran Lapawòl” ap akonpaye mouvman kominikasyon popilè a kòm yon zouti edikasyon popilè. Bilten an soti chak 2 mwa.

Ebola, yon nouvo epidemi otorite yo ta dwe fèmen baryè pou li

Mwa me pase a, yon lòt kalite lafyèv ki pote non Chikungunya rantre nan peyi a anplis tout sa ki genyen deja. Nan espas 1 mwa, tout peyi a frape ak lafyèv kraze zo a jis jodi a ki kontinye ap fè chemen l. Gwo doulè nan tout kò, lafyèv ak lòt konplikasyon se siy yo. Otorite sanitè yo te pase kèk kote pou fè lafimen pou kouri dèyè moustik pandan pifò kote nan kapital la pa benefisye lafimen kont moustik la alewè pwovens yo.

Tout sa pou montre Ayiti pa gen estrikti pou danse dans Ebola a ki sanble pi vyolan pase lòt yo. Nan yon peyi ki sanble ak yon lakou san kloti deja gen dout sou kapasite ak volonte dirijan yo pou bare wout kont viris Ebola ki pako gen tretman nan peyi l deja pase yo.

Ki kote maladi sa a soti ?

Enfòmasyon yo rapòte, viris Ebola parèt pou premye fwa nan lane 1976 nan Nzara peyi Soudan, nan Yambuku peyi Repiblik demokratik Kongo. Se nan Yambuku menm ki pa lwen ak yon rivyè ki rele Ebola yo pran non pou bay lafyèv brital sa a kote l te kòmanse a. Bèt sovaj tankou : akak, chenpanze, chòdchòd, kochon ak anpil lòt se kèk nan kanal k ap simaye epidemi an.

Nan Ebola Soudan nan lane 1976, sou 284 moun ki te gen maladi a, 151 mouri kidonk 53%. Nan Ebola Zaïre toujou nan menm ane a sou 318 ka maladi 280 rive mouri sa ki bay 88 %

Jou enfeksyon an rantre nan kò yon moun ak moman pou wè premye siy yo varye ant 2 jou rive 21 jou dapre espesyalis yo..

Ministè sante piblik Ayiti nan yon kominike, mande popilasyon an evite pou pa vwayaje nan peyi kote lafyèv vyolan Ebola ak lafyèv jòn nan ap fè dega tankou : Liberia, Guinée, Sierra Leone ak Nigéria. Ajans Nasyonzini yo dwe fè jefò pou sispann fè antre soti nan peyi a pou evite viris la antre nan peyi a.

Otorite sante piblik yo di deja gen dispozisyon ki pran pou siveye maladi a. Se nan kolaborasyon ak patnè espesyalis nan Oganizasyon Mondyal Sante (OMS) ak Center Disease Control (CDC) y ap fè travay siveyans sa a. Nan ayewopò Potoprens ak Okap, nan pò yo kote bato rantre, gen mezi k ap gen pou pran tou. Sanble yo anvi fèmen baryè a. Se nan menm okazyon kominike a ministè a mande pou ayisyen tankou etranje k ap fè ale vini nan amerik latin ak karayib la tankou : Argentine, Bolivie, Brésil, Colombie, Equateur, Guyane Française, Guyane, Panama, Paraguay, Pérou, Surinam, Trinidad and Tobago, Vénézuéla pou yo vaksinen pou pwoteje tèt yo ak lòt moun nan peyi a kont maladi.

Kèk nan siy moun ki gen Ebola se lafyèv, vomisman, dyare, gwo boul ki leve sou kò moun nan, feblès, gwo doulè nan gòj, emoraji anndan tankou deyò, elatriye.

Prevansyon :

Jan sa kòmanse nan peyi ki enfekte yo, gen divès metòd prevansyon ki valab tankou

Lave men souvan avèk dlo ak savon.

Pa manje vyann bèt sovaj ki malad oubyen ki mouri pou kont yo.

Byen kwit vyann n ap manje.

Evite tout kontak ak moun ki malad oubyen ki mouri ak maladi Ebola.

Evite tout kontak ak vomisman, san, krache ak lòt likid ki soti nan kò moun ki malad deja oubyen ki mouri.

Deja, mezi sa yo ann aplikasyon nan peyi Senegal nan yon karavàn ministè sante ak aksyon sosyal la ap òganize

Pèsonn pa ka bliye dega maladi kolera deja fè nan peyi a epi ki kontinye touye ak enfekte plis moun chak fwa lapli tonbe. Anndan peyi a gen tout kalite kit se touris, biznisman, militè ak lòt. Kanta pou militè afriken yo ki nan MINUSTHA, ki dispozisyon serye ki ta dwe deja anbranl pou ta pèmèt otorite yo gen kontwòl yo swa nan rantre soti y ap fè nan peyi a ? La a, fòk ta gen volonte politik pou gouvènman ta anmezi pou bare wout ak tout sòlda etranje sa yo k ap fè monte desanm yo ak lòt moun k ap soti nan diferan peyi pou vini ann Ayiti. Vaksen, sètifika medikal, yon ekip san paspouki ta dwe ap travay san gade figi pèsonn pou aplike tout sa ki antre nan responblite yo pou anpeche maladi sovaj sa a antre nan peyi a. Prekosyon pa kapon.

Voir aussi:

  • Bilten Janvye-Mas 2012
  • Site conçu et réalisé par AtelierWeb du Groupe Medialternatif
    © Tous droits reservés - Mars 2012

    Enstitisyon patnè SAKS
    REFRAKA, PAJ, ICKL, PAPDA, POHDH, ITECA, SOFA

    Enstitisyon ki apiye SAKS
    Broederlijk- DelenWacc, Développement et Paix, IMS, UNESCO, AJWS, Entraide et Fraternité

    SAKS se  manm AMARC ak WACC.

    Ang ri Richard Jules al riyèl Levasseur # 21 A- Delmas 75
    Pòtoprens Ayiti W.I.- Bwat Postal 15639 - Petyonvil
    Telefòn : (509) 2945-64 22 / 3170-6422 - Imèl: saks@saks-haiti.org