Solidarite ak tèt ansanm se fòs kominote yo dwe konte sou yo pou soti nan sitiyasyon difisil jounen jodi a dapre Maxime Rony

Publié le 30 janvier 2013

Nan analiz aktyalite semèn sa a, magazin 4 Je Kontre te resevwa Maxime Rony, ki se reprezantan Pwogram Altènativ Jistis (PAJ), yonn nan enstitisyon ki mete ak SAKS pou reyalize emisyon an. Analiz sa te chita sou kesyon dwa moun, lajistis la ak kesyon moralite nan sosyete a.

Entèvenan fè konsta sou fason kesyon dwa moun yo neglije nan sosyete a e ki mete popilasyon an nan sitiyasyon difisil. Dwa sivil ak dwa politik yo pa respekte. Nan sans sa a popilasyon an ki se premye obsèvatè ki viv oubyen ki tande zak malonèt yo dwe pote kole nan denonse yo. Apre sa òganizasyon dwa moun yo ap pote kole ak yo pou swivi ka fèt sou zak tankou : bat moun sitou fanm yo, polisye k ap fè abi, moun k ap soufri anba tant yo, ak lòt zak ankò. Maxime Rony ekzije popilasyon an pou l pa kite moun mete baboukèt nan bouch li. Ekzanp lan ale jis nan jan prezidan pa respekte jounalis nan jan l abitye derespekte yo avan l reponn kesyon l vle, malgre sa, genyen k ap ri konpòtman imilyasyon sa a. Sa montre kijan li enpòtan nan fanmi yo pou timoun yo ta leve epi grandi ak karaktè k ap ede yo defann tèt yo demen nan respè.

Kesyon lajistis nan peyi a

Pou responsab PAJ la, lajistis la pa granmoun, li pa endepandan. Dosye mèt Josué Pierre Louis ki gen akizasyon kadejak li fè sou Marie Danielle Bernadin pwouve sa yon lòt fwa. Se tankou se pòt bwa k ap goumen ak pòt fè. Nan yon peyi kote dosye ap kouvri dosye, jistis vin yon pwodwi ki koute chè. Maxime site dosye Jean Claude Duvalier, Jean Bertrand Aristide ak komisè Lucmane Delil ki bese nivo lajistis la, mete sou sa dosye Cliford Brant ak akizasyon kidnapin ak plizyè lòt ki toufe montre sou ki bit lajistis ap fonksyone nan peyi a. Pandan tan sa a, sitwayen ki gen ti bout otorite nan seksyon kominal yo ap fè peyizan monte lesyèl pado tankou, jan sa fèt nan Machan Desalin kote yon peyizan viktim pou kabrit li. Dapre Maxime Rony, yon adjwen seksyon te vle pran kabrit sitwayen sa a nan men l paske l se chèf, jijman, konplisite fè se viktim nan ki dòmi nan prizon. Se solidarite ki fè sa pa t pi grav pou peyizan sa a ki ta pra l vann kabrit li. Sa rive nan anpil seksyon kominal kote adjwen Kazèk yo rele Bra Kazèk anpil kote, konn gen plis pouvwa pase yon ajan 4 nan Polis nasyonal la. Balans jistis la panche a koz malere peyizan san defans ap sibi abi ak enjistis anba men peyizan parèy yo souvan ki konn vwazinay yo, men sèlman li gen yon ti bout pouvwa oubyen l se zanmi yon chèf.

Moralite andedan fanmi yo

Pou Maxime Rony sosyete a pèdi yon bann abitid ak valè ki te ede fanmi yo rete soude yonn ak lòt, men tou ki te tabli respè ak moralite nan mitan yo. Jan sosyete sa a vin ye jodi a ta dwe atire atansyon anpil fanmiy ak paran ann Ayiti, kote anpil timoun vle fè sa yo pito. Dirijan PAJ la pa konprann kijan gen paran ki alèz pou pitit yo ap rantre soti nan kay yo ak sa k pa pou yo san kè sote. Materyèl paran yo pa t achte tankou telefòn, rad, tenis, ak lòt bagay yo konn genyen pa pou yo. Entèvenan poze tèt li kesyon èske paran sa yo konn pran tan pou chita pale ak pitit yo, kesyone yo sou fason y ap viv. Maxime Rony ale pi lwen pou montre kijan menm nan leta bagay yo pa klè. Kòm ekzanp, ou kapab jwenn yon seri polisye ki pa deside fonksyone ak revòlvè direksyon PNH ba yo, e ki deside fonksyone ak 9 milimèt nan plas 38 oubyen 45 yo bay yo. Okenn otorite pa janm kesyone oubyen fè limyè pou konnen kote zam sa yo soti. Tout ekzanp sa yo, se pou montre kijan sosyete a vin san règ kote valè yo ap disparèt. Imoralite fè moun ki gen pouvwa derespekte nenpòt sitwayen tankou jan minis k ap fè relasyon ant palè nasyonal ak palman Ralph Théano ki joure depite pitit yon sèl paran leve. Akote tout koze politik yo Maxime panse bagay yo pa ka rete konsa.

Je pran kou, nen kouri dlo

Pwovèb sa a dwe rantre ann aplikasyon jodi a nan mitan popilasyon an yon mannyè pou solidarite yon ak lòt ka retounen pran pye. Sa vle di, peyizan, travayè, òganizasyon popilè ak lòt enstans yo ta dwe toujou pare pou ede sa yo ki an danje, ki gen difikilte, paske jodi pou yonn, demen pou yon lòt. Si bagay yo prale mal, gen sektè, gen moun ki travay pou sa, e se okazyon y ap chache pou avili sosyete a pandan y ap ranmase mago lajan, fè koripsyon. Reyalite a montre tou gen anpil moun toujou ki chwazi rete nan bon chimen an malgre difikilte ak sakrifis sa mande. Oganizasyon yo dwe toujou konnen fòs kominote yo se tèt ansanm, sa vle di pa gen pèsonn k ap vin fè anyen pou yo. Oganizasyon konsekan yo dwe leve pye yo pou Ayiti ka rete vivan.

Se ak sipò ICKL, ITECA, PAJ enstitisyon SAKS mete magazin sa a sou pye, yon fason pou fouye zo nan kalalou, chache eklèsisman pou ede popilasyon wè pi klè nan konjonkti peyi a.

Site conçu et réalisé par AtelierWeb du Groupe Medialternatif
© Tous droits reservés - Mars 2012

Enstitisyon patnè SAKS
REFRAKA, PAJ, ICKL, PAPDA, POHDH, ITECA, SOFA

Enstitisyon ki apiye SAKS
Broederlijk- DelenWacc, Développement et Paix, IMS, UNESCO, AJWS, Entraide et Fraternité

SAKS se  manm AMARC ak WACC.

Ang ri Richard Jules al riyèl Levasseur # 21 A- Delmas 75
Pòtoprens Ayiti W.I.- Bwat Postal 15639 - Petyonvil
Telefòn : (509) 2945-64 22 / 3170-6422 - Imèl: saks@saks-haiti.org