3 lane apre tranbleman tè 12 janvye 2010 la, sa ki chanje pou viktim yo ?

Publié le 18 janvier 2013

JPEG - 32.6 ko

Sitiyasyon sitwayen yo nan kan yo pa chanje 3 lane apre. 12 janvye 2010 plis pase 300 mil moun te pèdi lavi yo, mete sou lòt kalte pèt tankou kay, machin, komès ki te disparèt epi lage nan lari plis pase 1 milyon moun dapre chif ki soti. Katastwòf la lakoz peyi a ki te deja nan lagraba fè yon gwo bak sitou nan nivo ekonomik. Nan sans sa a, yon mobilizasyon san parèy te deklanche pou fè solidarite ak Ayiti. Apre anpil vire tounen, gwo rankont nan mitan gwo palto nasyonal ak entènasyonl, yo te promèt 10 milya dola pou rekonstriksyon peyi a. 3 lane apre, konbyen lajan ki rive ? ki wout lajan yo pran, kilès ki benefisye yo ?

Jan anpil moun kapab konstate l, èd imanitè t ap distribiye nan divès kwen nan kapital la nan move kondisyon, chaje ak imilyasyon fas ak viktim 12 janvye yo. Konsa dapre òganizasyon entènasyonal Center for Economic and Policy Research (CEPR) ajans Altèprès site, soti 2010 rive 2012 pwogram asistans pou Ayiti ki te soti aletranje yo te monte 6.43 milya dola e yo te rive nan men òganizasyon yo. Leta ayisyen te jwenn sèlman 9%.

Gouvènman ayisyen an te jwenn 302,69 milyon dola pou mete sou bidjè l pandan peryòd la. Nan lane 2009 avan tranbleman tè a gouvènman te jwenn 93,60 milyon dola pou bidjè Ayiti a. Yon lane apre katastwòf la yo bay gouvènman 67,93 milyon dola. Menm sous la di sou chak 100 dola ki depanse kòm èd imanitè, gouvènman jwenn sèlman 1 dola. Kidonk pi fò èd la pase nan men gwo ONG ki gen rapò ak peyi kote èd yo soti.

Ki sò moun katastwòf la te lage nan lari yo ?

Kantite deplase yo (moun ki kite lakay yo) te rive 1.5 milyon, pou jodi a (3 lane apre) toujou gen 358 mil moun kap viv nan move kondisyon nan kan yo. Dapre menm sous sa a sou chak 5 moun ki nan kan, gen 1 k ap resevwa menas pou l kite kan an. Abri tranzitwa òganizasyon yo konstwi reprezante 23% sèlman nan sa ki nesesè. Konsa anpil viktim 12 janvye yo kontinye ap viv ak yon latriye pwoblèm k ap degrade yo kòm moun. Rezo Nasyonal Edikasyon radyofonik te lonje mikwo bay kèk moun k ap viv nan kan pou pale sou kondisyon yap viv.

Evenman sa a make Gislène tankou yon fè cho : “m t ap viv 4èm avni avan m te rive nan tèren Toto, tout moun t ap kouri, nan kouri m ateri nan kan Refijye”. Gislèn se manman 3 pitit san papa, yonn gen 11 lane ak 2 lòt 4 lane edmi. Apre mari l fin mouri nan yon izin kafou kote l t ap travay, manman 3 pitit sa a pa gen rele ni reponn. Li pa diferan ak anpil lòt k ap viv nan kan sa a tankou Rosenie Moise ki soti Fontamara ki oblije peye 2 mil 500 goud pou anplasman yon tant kote li ka lonje pye l sèlman. Rosenie li menm se manman 2 pitit ki separe ak mari l kote yo chak gen 1 pitit nan men yo. Akote tout difikilte maladi pitit gason ki nan men Rosenie an ki fè kè epi anemi, l ap degaje l nan yon ti komès manje ki se espageti.

Kesyon dlo andedan kan yo

JPEG - 43.4 ko

Si nan premye moman yo, dlo te agogo nan kan yo ak konkou ONG ki te finanse distribisyon yo, sa fè prèske yon lane komite kan yo te resevwa lòd pou vann dlo paske te gen twòp gaspiyay. Desizyon sa a te vin mete anpil fanmi nan pwoblèm pou jwenn lajan pou achte dlo chak jou. Ozalantou kan Toto, timoun ak galon ap bouske dlo, kote yon moun k ap viv nan espas sa a bezwen 2 rive 5 goud pou jwenn yon bokit dlo. Temwayaj moun k ap viv nan kan an montre yon fanmi anba tant bezwen 4, 5 bokit dlo pou divès sèvis, men anplis dlo a pa fasil pou jwenn, yo bezwen apreprè 25 g pou jwenn li.

Ki posiblite ki genyen lè yon moun bezwen twalèt Reyalite a pa menm nan tout kan. Enstalasyon latrin mobil te yonn nan mwayen ki te itilize nan tout kan yo pou popilasyon an. Lòt kalite latrin ki konstwi an bwa ak tòl, playwoud vin ranplase premye modèl plastik yo. Se pa tout kan ki genyen malgre sa, divès deplase ki pale ak Rezo Nasyonal Edikasyon Radyofonik SAKS, denonse sitiyasyon grav sa a ki pa bon pou sante yo, kote se atè ak nan sachè yon fè bezwen sa a ki obligatwa.

Akote kesyon dlo ak twalèt, lo kalamite moun k ap viv nan kan yo anpil : ensekirite, kadejak, grangou, mizè, pwoblèm sante, chomaj, elatriye. Sitiyasyon sa fè referans ak responsablite leta kote gen anpil travay Leta ta dwe fè pou remete peyi a sou 2 pye l, men tou pou anpeche moun yo fin degrade kòm moun. Yon nan ijans yo se retire popilasyon k ap viv anba tant, nan savann nan move kondisyon depi 3 lane a. Leta ta dwe akonpaye moun yo nan ede yo jwenn mwayen pou reòganize lavi yo ak fanmi yo tankou tankou moun, nan dwa ak diyite.

Site conçu et réalisé par AtelierWeb du Groupe Medialternatif
© Tous droits reservés - Mars 2012

Enstitisyon patnè SAKS
REFRAKA, PAJ, ICKL, PAPDA, POHDH, ITECA, SOFA

Enstitisyon ki apiye SAKS
Broederlijk- DelenWacc, Développement et Paix, IMS, UNESCO, AJWS, Entraide et Fraternité

SAKS se  manm AMARC ak WACC.

Ang ri Richard Jules al riyèl Levasseur # 21 A- Delmas 75
Pòtoprens Ayiti W.I.- Bwat Postal 15639 - Petyonvil
Telefòn : (509) 2945-64 22 / 3170-6422 - Imèl: saks@saks-haiti.org