2012 : yon lane ki fini san pwomès lavi miyò

Publié le 20 décembre 2012

Fen lane 2012 la make 19 mwa depi Joseph Michèl Martely pran gouvènay peyi a sou baz pwomès chanjman, yon pwomès ki te parèt yon senp eslogan nan zye anpil moun ki t ap analize. Depi li fin monte sou pouvwa a Prezidan an ak tout ekip gouvènman an pa janm sispann klewonnen chanjman sa a ki chita sou fòmil 5 E ki gen pou wè ak eta de dwa, anviwonman, anplwa, enèji ak edikasyon. Apre plis pase 1 lane edmi ki kote nou ye ? Kisa nou ka espere pou lane k ap vini an ?

Nan nivo politik

Demach pouvwa anplas la ki toujou ap aji sou divès dosye epi ki anpil fwa kwoke nan wout pa bay santiman peyi a gen dirijan. Yonn nan ekzanp yo se Konsèy elektoral ki ta dwe òganize eleksyon nan peyi a, kote dilatwa pasipala montre pa gen volonte politik tout bon vre. Jounen jodi a sosyete a twouve l nan bwouyay, konfizyon fas ak yon seri dosye k ap fè eskandal yonn dèyè lòt tankou : koripsyon, pwoblèm nasyonalite, eskandal seksyèl, ensekirite/kidnapin elt... Mete sou sa, relasyon pouvwa ekzekitif la ak pouvwa lejislatif la pa bon ditou nan je popilasyon an ki rete ap tann lavi miyò. Gwoup ak blòk fòme nan palman pasi pala nan palman anpil fwa anfavè enterè mesken. Sitiyasyon sa ofri laprezidans posiblite poze lapat sou yon gwoup palmantè pou fòme majorite li pat janm genyen depi l monte sou pouvwa a. Men kesyon anpil moun ap poze se jis ki kote laprezidans ka rive ak blòk sa a, parapòt ak jan l monte epi mak fabrik li.

Kesyon ekonomi yo pa miyò

Sitiyasyon ekonomik popilasyon ki vin pi grav. Grangou, chomaj, lavi chè ap fè aktyalite malgre yonn nan senk (5) E gouvènman Martelly/Lamothe la se kreye travay. Antouka moun ki pa p travay yo kontinye ap tan san konnen kilè y ap soti nan chomaj.
Ladwàn ap mete taks menm jan ak DGI kote komèsan ap rele anmwe, Taks sou moun k ap travay ogmante, mete sou sa divès lòt kalte taks ki pat ko mete ann aplikasyon ki jounen jodi a aplike. Malgre sa gouvènman pale sou defisi ki genyen nan kantite kòb li te prevwa antre.
Nan kesyon kreye djòb la, envestisman ki fèt nan Karakòl la vin fè genyen yon faktori anplis. Menm jan yonn nan dirijan òganizasyon Batay Ouvriye yo, madam Yanick Etienne te eksplike nan entèvansyon li te fè nan magazin 4 Je Kontre, dwa travayè yo pa respekte. Li te denonse lajan ki twò piti, move kondisyon travay nan nouvo pak la kip a pèmèt moun yo soti nan chomaj degize a. Oganizasyon ki sou teren nan depatman Nòdès la pa t mete dlo nan bouch pou kritike desizyon dirijan yo pran pou wete tè ki konn donnen manje nan men yo pou plante beton.

Popilasyon an pa wè klè

Peyi a konnen anpil manifestasyon moun nan popilasyon an k ap revandike : travay, elektrisite, manje, jistis, kay, sekirite elatriye. Pou kesyon kay la, se premye ane revandikasyon sa a monte wo konsa depi apre 12 janvye 2010. Menm si gen jefò ki fèt pou kraze anpil kan deplase tankou Channmas, ayewopò ak lòt kote, toujou gen anpil moun k ap kwoupi nan kras anba tant yo. Siklòn ki pase nan peyi a vin mete apse sou klou sitou bò kote peyizan travayè ki pa gen lòt resous apre travay tè. Apre sikllòn Sandy fin fè kraze brize nan mwa dawout 2012 la, sitiyasyon an vin pi malouk. Nan moman sa a, radyo kominotè yo te akonpaye popilasyon an nan seri mesaj SAKS ak lòt enstitisyon te voye. Timoun ki pa t ko ale lekòl yo vin gen plis pwoblèm malgre koze lekòl gratis la ap trennen nan laprès. Pou gouvènman plis pase yon milyon timoun ap jwi lekòl gratis nan etablisman nasyonal yo. Pou anpil paran ak federasyon anseyan peyi a ki jwenn sipò lòt sendika entènasyonal, pwogram nan pa ateri, se diskou pou fè moun dòmi. Sendikalis anseyan yo fè kalkil sou kantite pwofesè ak lòt kay lekòl ki ta dwe konstwi si pou ta gen tout elèv sa yo ki ale lekòl tout bon vre. Semèn grèv grangou pwofesè lekòl kominal yo te blije fè nan Pòtoprens nan mitan mwa desanm 2012 la pou fòse Lete peye yo 8 mwa salè montre sa aklè.

Mobilizasyon, sansibilizasyon, òganizasyon se zouti pou popilasyon an mete ann aplikasyon pou kwape tout fòm esklizyon ak desepsyon y ap sibi nan sosyete a. Radyo kominotè yo rete zouti nan men popilasyon an, mas defavorize yo, moun nan seksyon kominal yo pou fè revandikasyon yo pase. Oganizasyon popilè konsekan nan 4 kwen peyi a dwe leve kanpe menm jan SAKS, AMEKA, REFRAKA, AMARC te fè nan mwa novanm 2012 la pou denonse epi mande vòt pwojè lwa k ap vin bay estasyon kominotè sa yo frekans libelibè selon lalwa pou kontinye fonksyone. Batay pou chanjman pa dwe kanpe nan wout. Rezilta batay la pa ka fèt nan pise gaye non plis, fòk tout moun ki swete viv yon lòt kalite lavi, gen yon peyi k ap mache san fòs kote mete men pou n ka rive.

Site conçu et réalisé par AtelierWeb du Groupe Medialternatif
© Tous droits reservés - Mars 2012

Enstitisyon patnè SAKS
REFRAKA, PAJ, ICKL, PAPDA, POHDH, ITECA, SOFA

Enstitisyon ki apiye SAKS
Broederlijk- DelenWacc, Développement et Paix, IMS, UNESCO, AJWS, Entraide et Fraternité

SAKS se  manm AMARC ak WACC.

Ang ri Richard Jules al riyèl Levasseur # 21 A- Delmas 75
Pòtoprens Ayiti W.I.- Bwat Postal 15639 - Petyonvil
Telefòn : (509) 2945-64 22 / 3170-6422 - Imèl: saks@saks-haiti.org