
|

SAKS Sosyete Animasyon Kominikasyon Sosyal
se yon enstitisyon endepandan k ap travay
nan kominikasyon popilè pou ede majorite
popilasyon an, lavil kou nan mòn, patisipe kòm
aktè devlopman. Yon kominikasyon ki dwe pote
chanjman sosyal, devlopman kiltirèl ak demokrasi
pou majorite a.
Istwa
Se nan lane 1991 yon gwoup pwofesyonèl ayisyen
deside mete SAKS sou pye. Lide a sòti apre yon
etid ekip la te fè sou reyalite kominikasyon ann
Ayiti, yon kominiksayon ki ale nan yon sèl sans
: emetè-difizè aktif pou yon piblik-reseptè
pasif. Apre rechèch, etid sou teren an, nan lane
1992 SAKS kòmanse reyalize seminè sou
kominikasyon popilè ak radyo kominotè pou
òganizasyon popilè nan divès kwen nan peyi a.

Objectif
SAKS
- Ede gwoup ki pran fòmasyon yo kanpe radyo
kominotè.
- Bay sèvis fòmasyon teknik ak teyorik nan
kominikasyon popilè pou òganizasyon baz, ONG ak
tout lòt enstitisyon sosyal ki mande sa.
- Fè pwomosyon kominikasyon an kòm yon dwa
fondamantal.
Estrikti SAKS
SAKS gen yon asanble jeneral ki defini gran liy
ak oryantasyon enstitisyon an, yon konsèy
administrasyon ki resevwa manda asanble a pou
veye sou fonksyònman an, ak yon ekip pèmanan ki
fè biwo a mache chak jou.
Zòn
entèvansyon
SAKS travay ak gwoup, òganizasyon ak enstitisyon
toupatou nan peyi a.
Aktivite SAKS

Fòmasyon
SAKS ankadre òganizasyon popilè yo, lavil kou
nan seksyon kominal, nan ba yo fòmasyon sou
kominikasyon popilè, filozofi radyo kominotè,
teknik jounalistik, operatè radyo, jesyon
patisipativ, pwogramasyon ak kalite emisyon nan
radyo kominotè.
Pwodiksyon
SAKS ofri yon sèvis anrejistreman pwodiksyon pou
gwoup, òganizasyon popilè ak enstitisyon k ap
travay nan edikasyon popilè, nan konsepsyon ak
reyalizasyon pwogram edikatif, espòt piblisite
epi kopi kasèt rapid. SAKS fè tou emisyon pou
kore pwogramasyon radyo.

Piblikasyon
Tout nouvèl sou sa k ap pase nan zafè
radyo kominotè ann Ayiti ak kèk lòt peyi, n ap
jwenn yo nan bilten « Nou Pran Lapawòl » SAKS
fè sòti chak 2 mwa. Anplis SAKS pibliye kèk
livrè sou sijè ki konsène kominikasyon popilè
ak radyo popilè. Epi chak ane SAKS sòti yon
ajennda popilè ki rele « Nou pap dòmi bliye
».
Sant Dokimantasyon
Anndan SAKS gen yon sant dokimantasyon kote nou
jwenn liv, revi, jounal, kasèt odyo, kasèt
videyo. Gen yon seksyon sibèkafe tou. Gras ak
sant sa a, atizan radyo kominotè yo gen
posibilite ranmase anpil konesans sou
kominikasyon, sou edikasyon popilè ak sou sijè
ki gen rapò ak lit pèp yo pou chanjman.
Videyo
SAKS ap reflechi sou divès posibilite pou videyo
tounen yon zouti nan men mouvman demokratik
popilè a pou travay kominikasyon ak edikasyon
popilè kab vanse pi devan.
Rezo Radyo Kominotè yo
Ansanm ak plizyè radyo kominotè ayisyen nan
tèt kole ak Sant Pon (Centro Puente, Repiblik
Dominikèn) SAKS te mete yon rezo radyo kominotè
sou pye pou fasilite boukantay esperyans ant
lokalite yo. Rezo a ap vin pi laj ak patisipasyon
kèk radyo kominotè k ap travay nan lang kreyòl
nan lòt peyi nan Karayib la.
SAKS te estriktire Rezo Fanm nan Radyo Kominotè
Ayisyen tou, kote fanm yo ki fè kominikasyon
popilè yo pwodui anpil emisyon edikatif sou
pwoblèm fanm yo. Yo pase nan radyo yo toupatou
nan peyi a.
Akonpayman
Saks akonpaye òganizasyon popilè ki dèyè
radyo yo nan ede yo :
- Mete yon chapant ak yon fonksyonman demokratik.
- Reflechi sou aktivite ki kab antre lajan epi
mete distraksyon nan kominote a.
- Jere konfli ki pete nan mitan ekip k ap fè
radyo a mache.
Kondisyon kolaborasyon
SAKS travay ak òganizasyon baz (jèn, fanm,
peyizan eks
) ki egziste, ki gen yon
fonksyònman demokratik tout bon, ki angaje tout
bon nan lit pou chanje sosyete a.
SAKS se manm ALER, AMARC, WACC
Sosyete Animasyon Kominikasyon Sosyal
B P 15639 - Pétionville
Rue Dalencourt # 24 - Bourdon
Port au Prince
Haïti W.I.
Téléphones : (+509) 245 64 22 ou (+509) 514 04
44
Téléfax : (+509) 245 64 22
E-mail : saks@saks-haiti.org
|
|