Recents
documents mis en ligne ici
Seksyon Fòmasyon SAKS, ki pwojè ? nan ki objektif ?
Nan lide pou rive satisfè plis demann, sèvis fòmasyon pou radyo kominotè yo ak tout lòt enstitisyon patnè nou yo, ane 2007 la, nou jije li nesesè pou nou ranfòse kantite resous moun nou te deja genyen disponib nan sèvis fòmasyon an.
Se nan sans sa a, nou lanse yon pwosesis fòmasyon fòmatè ki kòmanse nan mwa mas la, soti nan dat 11 pou rive 18 mas 2007 la. Seminè fòmasyon sa a te reyini 17 kandida fòmatè fanm tankou gason. Pi fò nan kandida yo soti anndan diferan radyo kominotè patnè nou yo ak nan kandida manm Asanble jeneral SAKS.
Gwo (...)
Fòmasyon SAKS
Pandan tout ane 2006 la, youn nan gwo objektif SAKS, se te rive mezire kouman diferan ekip radyo l ap akonpaye yo ; ki jwenn plizyè fòmasyon, rive mete nan pratik travay yo tout bon vre tout sa yo te aprann pou fè radyo yo fonksyonnen byen : metriz teknik, jesyon elatriye.
Travay sa a te gen de (2) gwo objektif :
Rive konprann fonksyònman ak vansman radyo yo pa rapò ak kantite ak kalite fòmasyon yo jwenn.Eske fòmasyon yo ateri tout bon nan lavi radyo yo, pèmèt yo bay pi bon sèvis nan kominote yo. Si yo pa ateri, (...)
L’efficacité de la formation
Durant toute l’année 2006, SAKS va mesurer l’impact de ses formations radiophoniques sur le terrain.
Pourquoi ?
Pour tout gestionnaire soucieux de mobiliser la formation comme vecteur de développement individuel et organisationnel, la question de l’efficacité est de première importance. Il serait en effet utopique de croire que toute formation donne lieu automatiquement au développement de compétences individuelles, et plus encore que la formation améliore de facto le fonctionnement d’une organisation. (...)
Ranman fòmasyon an
Pandan tout lane 2006 la, SAKS ap gen pou mezire byen fon nan ki pwen fòmasyon radyofonik li yo rive bay bon jan rezilta sou tèren an. Poukisa ?
Pou tout jesyonè ki kwè fòmasyon se yon zouti pou rive devlope moun ak òganizasyon, kesyon rannman an gen yon enpòtans kapital. Se ta foli si yon moun ta kwè tout fòmasyon pèmèt moun rive devlope kapasite yo byen vit epi rive kwè tou fòmasyon rive chanje touswit jan yon òganizasyon ap mache. Si l ta konsa vre, poukisa anpil fòmasyon pa rive yo menm rezoud pwoblèm yo te kwè yo atake ? (...)
Au programme de formation 2006, SAKS intégre les ’résultats mesurables’.
Depuis 1992 SAKS se consacre à former les membres des organisations de base qui veulent implanter une radio communautaire, et les membres des radios communautaires existantes qui veulent améliorer la radiodiffusion. SAKS a pour objectif principal de rendre ces organisations et ces radios plus efficaces dans leur travail d’accompagnement de la communauté en se basant sur l’idéologie de la lutte populaire pour le changement social.
Mais à quel résultat aboutissent ces formations ? C’est la question (...)
|
|