Sosyete Animasyon Kominikasyon Sosyal ||||| Société d'Animation et de Communication Sociale
SAKS
Accueil | Qui sommes nous?
   
Logo SAKS


Contact / SAKS
34, rue Dalencourt. Bourdon.
B.P. 15639
P.V., Haiti. Ht-6140
Phones:
(509) 514-0444
(509) 245-6422
(509) 245-9607
email:
saks@saks-haiti.org

Tous les courriels

Nou Pran lapawòl

Recents documents mis en ligne ici

Sasinay Jan Dominik ak Jan Klod Lwisen : 9 lane apre, enpinite pi rèd

3 avril 2000, asasen touye Jan Dominik ak Jan Klod Lwisen nan lakou Radyo Ayiti. Depi lè sa a Lapolis ak Lajistis mobilize yo di fòk yo jwenn lotè krim nan, jouk jounen jodi a “lankèt se pousui”. Se vre gen anpil arestasyon ki fèt depi ankèt la te koumanse 3 avril 2000 lan, men se toujou kèk ti malere ki sanble moun ki te al tire viktim yo men gwo palto ki te planifye oubyen ki te peye pou al fè krim nan toujou ap flannen kè pòpòz. Fò n di tou anpil nan moun yo te arête yo mouri yon jan dwòl.
Soti 3 avril (...)


Nòt pou laprès 21 fevriye

21 fevriye 2009 la se 10yèm Jounen entènasyonal Lang manman, Sosyete Animasyon Kominikasyon Sosyal (SAKS), k ap batay depi plis pase kenz (15) ane nan peyi a nan fè pwomosyon lang kreyol la, lang manman tout Ayisyen pwofite okazyon sa pou raple tout moun enpòtans edikasyon ak kominikasyon genyen nan devlopman ak pwogrè nan yon sosyete, sitou lè yo fèt ak lang tout moun nan sosyete a konprann ki se lang manman yo.
Dwa yon popilasyon pou l pale lang manman l kote l vle, nan kèlkeswa sitiyasyon, dwa pou l (...)


Mouvman popilè ak Nouvo Teknoloji Enfòmasyon ak Kominikasyon yo

Depi anviwon 2 lane SAKS tanmen demach pou pote teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon yo espesyalman entènèt ak enstalasyon Sant Miltimedya Kòminotè nan kòminote ki pi lwen yo ak konkou plizyè patnè finansye tankòu UNESCO ak Developpement et Paix.
Demach sa a antre nan objektif global SAKS ki se pote kole nan demokratizasyon zouti kominikasyon yo nan peyi d Ayiti nan mete zouti sa yo nan men mas popilè yo.
Yo toujou prezante chak nouvo envansyon teknolojik kòm yon revolisyon k ap vin kraze baryè kominikasyon ki (...)


28 oktòb 2008, jounen entènasyonal lang kreyòl : SAKS kontinye batay la.

Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl, mwayen pou kominikasyon an pase pi fasil ann Ayiti. Yo toujou di lang yon pèp se nanm li, se rasin li, se zouti l, ki pèmèt li kominike patisipe nan zafè peyi l. Ki kote nou ye jodi a ak lang kreyòl la ?
Depi plizyè lane, SAKS toujou make jounen 28 Oktòb la Li fasil pou konprann anvi pou reyalize yon bagay ki bon mache ak volonte pou rive fè sa w vle fè a. Chapo ba pou tout enstitisyon ak lòt patikilye ki angaje yo nan batay pou fè lang kreyòl la rive kote l ye jodi a. Sosyete Animasyon ak (...)


Radyo kominotè ayisyen yo fòme AMEKA (Asosyasyon Medya Kominotè Ayisyen)

Batay pou bay radyo kominotè yo plis jarèt ap kontinye nan lespri pou yo kapab vin pi pratik kòm zouti batay nan angajman yo pran pou amelyore kondisyon lavi kominote y ap evolye yo. Asosyasyon Medya Kominotè Ayisyen (AMEKA) se nouvo non regwoupman radyo kominotè manm AMARC (Asosyasyon Mondyal Radyo Kominotè) yo ann Ayiti.
Soti 16 rive 18 jiyè 2008 la nan Pòtoprens, 20 manm AMARC (radyo, rezo fanm, sant pwodiksyon) deside mete yo ansanm apre chita pale yo te genyen, nan reflechi sou pwoblèm kominikasyon (...)


Les manchettes

Konjonkti peyi a bay anpil moun endiyasyon
Par SAKS

Rezilta konkou 3 pi bon emisyon sou dwa moun yo.
Pòtoprens 20 dawou 2010 Par SAKS
Alertes

Annonces

Sit Wèb SAKS la rekòmanse fonksyone
Octobre 2009

Soyete Animasyon ak kominikasyon Sosyal (SAKS) voye eskiz bay tout vizitè yo pou pwoblèm teknik ki te lakoz sit wèb li a pa disponib pandan yon ti bout tan.
SAKS ap anonse tout vizitè yo sit la retounen an liy kòmsadwa, pandan l ap envite yo toujou vizite l sou www.saks-haiti.org. Enstitisyon an renouvle (...)

   
 


Tous droits réservés | © SAKS 2004
URL:
http://www.saks-haiti.org
Site concu et réalisé par Gotson Pierre du Groupe Medialternatif
Avec la participation de l'equipe du SAKS
Utilisation de
SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL