Sosyete Animasyon Kominikasyon Sosyal ||||| Société d'Animation et de Communication Sociale
SAKS
Accueil | Qui sommes nous?
   
Logo SAKS


Contact / SAKS
34, rue Dalencourt. Bourdon.
B.P. 15639
P.V., Haiti. Ht-6140
Phones:
(509) 514-0444
(509) 245-6422
(509) 245-9607
email:
saks@saks-haiti.org

Tous les courriels

Je wè bouch pale

Recents documents mis en ligne ici

Konjonkti peyi a bay anpil moun endiyasyon

Jan sa abitye fèt chak semèn, emisyon 4 je kontre toujou gen diferan envite ki vin brase lide sou sa k ap pase nan peyi a. Semèn sa a se te direktè ekzekitif Platfòm k ap goumen pou yon lòt devlopman altènatif la (PAPDA) ak dirijan Platfòm altènatif jistis la (PAJ) ki te vin brase lide. Sitwayen sa yo pa kache laverite sou move jesyon pouvwa anplas la ak konplisite fòs okipasyon an nan kalote figi peyi d Ayiti.
Nan brase lide yo, Maxime Rony ak Camille Charlmers montre kijan mizè popilasyon an sèvi machpye pou (...)


Eleksyon, kondisyon lavi viktim katastwòf 12 janvye yo : ki priyorite ?

7 mwa aprè gwo tranbleman tè ki te frape peyi a e ki lage plis pase (1) yon milyon moun nan lari, gouvènman Ayisyen an ki jwenn sipò kominote entènasyonal la ap vanse ak pwosesis pou abouti ak eleksyon yo. Nan diferan radyo ak televizyon nan peyi a, tout deba yo konsantre sou yon sèl sijè, pwochen eleksyon yo pandan popilasyon an limenm poko janm ka wè ki chimen pou l pran pou l soti anba dekonb. 34 kandida enskri, pou al patisipe nan eleksyon yo, ki prevwa fèt 28 novanm. Se nan yon anbyans kanaval, (rara (...)


12 dawout 2010, 7 mwa depi popilasyon ayisyen an ap viv yon mizè nwa apre tranbleman tè a.

Popilasyon an ki nan lari a toujou ap viv nan menm kondisyon. Yo pa gen kay, chalè solèy ap chofe yo, lapli ap mouye yo, grangou, move kondisyon ijyèn ak tout kalite malèz anvayi viktim 12 janvye yo ki pa konnen pou kilè yo la. Pwomès lajan kominote entènasyonal la apre divès reyinyon san pran souf toujou kwoke nan wout, pandan yo mete kanpe yon komisyon enterimè rekonstriksyon ki sanble poko konprann politik rekonstriksyon an.
Nan diferan kan ki genyen nan kapital la ak ozalantou yo, pa gen twòp diferans nan (...)


Ayiti : 28 jiyè 1915, 95 lane aprè okipasyon pi rèd !!

28 jiyè 1915, militè ameriken te dekake nan peyi d Ayiti pou vin mete estabilite ak sekirite ann daprè sa yo te di. Se te desizyon Thomas Woodrow Wilson ki te gen mayèt gouvènman Etazini an nan dat sa a. Debakman militè 28 jiyè a te trennen dèyè l dèy, imilyasyon ak dezespwa olye estabilite ak sekirite yo te pretann vin enstale a.
Ayiti se premye repiblik nwa nan nan mond lan ki te rache endepandans li apre plizyè syèk dominasyon. Bagay sa a pat janm fè gwo peyi yo plezi menmsi jounen jodi a yo di yo se zanmi (...)


Pozisyon FRAKKA sou pwoblèm kay ak sitiyasyon malouk moun k ap viv anba tant, prela, dra ak plastik yo.

12 janvye 2010 la, pèp Ayisyen sot viv pi gwo katastwòf ki frape planèt tè a nan tout listwa tan modèn lan. 6 mwa apre, sosyete a ap viv nan yon veritab kochma. Men sa k pi grav la, moun ki nan kan yo pa konnen pou konbyen tan y ap kontinye viv kochma sa a ankò. Lè nou konsidere konpòtman meprizan moun ki sou pouvwa nan tèt peyi a, nou refize rele yo dirijan. Paske se yon seri otorite ki la sèlman pou vòlè, fè koripsyon, vann peyi a bay enperyalis entènasyonal la, epi ansasinen patriyòt ak pwogresis ki pa dakò ak pwojè lanmò yo (...)


Les manchettes

Konjonkti peyi a bay anpil moun endiyasyon
Par SAKS

Rezilta konkou 3 pi bon emisyon sou dwa moun yo.
Pòtoprens 20 dawou 2010 Par SAKS
Alertes

Annonces

Sit Wèb SAKS la rekòmanse fonksyone
Octobre 2009

Soyete Animasyon ak kominikasyon Sosyal (SAKS) voye eskiz bay tout vizitè yo pou pwoblèm teknik ki te lakoz sit wèb li a pa disponib pandan yon ti bout tan.
SAKS ap anonse tout vizitè yo sit la retounen an liy kòmsadwa, pandan l ap envite yo toujou vizite l sou www.saks-haiti.org. Enstitisyon an renouvle (...)

   
 


Tous droits réservés | © SAKS 2004
URL:
http://www.saks-haiti.org
Site concu et réalisé par Gotson Pierre du Groupe Medialternatif
Avec la participation de l'equipe du SAKS
Utilisation de
SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL