Sosyete Animasyon Kominikasyon Sosyal ||||| Société d'Animation et de Communication Sociale
SAKS
Accueil | Qui sommes nous?
 
Logo SAKS



Contact / SAKS
34, rue Dalencourt. Bourdon.
B.P. 15639
P.V., Haiti. Ht-6140
Phones:
(509) 514-0444
(509) 245-6422
(509) 245-9607
email:
saks@saks-haiti.org

Tous les courriels


Lac Azueï : ki reskonsablite Leta ?
Posté le lundi 11 janvier 2010 par SAKS

Pwoblèm anviwònman ap kontinye fè pale de li tout kote nan lemond espesyalman ann Ayiti. Nan limit Ayiti ak Sendomeng (Malpas), sitiyasyon an pa pi bon pase sa. Chak evènman ki pase toujou trennen dèyè l yon seri konsekans. Se vre te toujou gen pwoblèm anviwònman ann Ayiti, men apre 4 siklòn 2008 yo, sitiyasyon an vin pi grav. Nan mitan lane 2009 la, te gen gwo panik sou wout nasyonal nimewo 2 a ak letan Miragwàn ki te divize wout la an de moso. Se menm jan pou yon moun kite Ayiti pou ale nan Dominikani li te difisil tou paske « Lac Azuei » te kite kabann li, monte lari a menm jan an tou. Apre anpil mouvman revandikasyon responsab yo te fè reparasyon pou fasilite sikilasyon, men pwoblèm yo pa fini.

Pwoblèm motivasyon ak iresponsablite dirijan yo. Si yon kote Lac Azuei ap kontinye monte, nan lòt fas la se mòn nan k ap kontinye dekalote ak gwo kamyon k ap vin pran sab chak jou. Lac azuei sou bò goch lè w soti Ayiti pou al Sendomeng. Pandan li prezante yon gwo danje kounye a, dirijan yo ap dòmi, dlo a ap fè dega ni sou Ayiti ni sou Sendomeng. Anpil jaden ak kay abitan yo tou pre Malpas, Gantye ak lòt zòn sibi domaj. Jimani ki sou bò panyòl yo viktim tou, sa pouse responsab yo nan Sendomeng oblije fè lòt konstriksyon pou deplase biwo imigrasyon an ki pa t twò lwen ak rivaj la. Malgre gen travay ki fèt, sa pa anpeche dlo a monte. Sa vle di sitiyasyon an ap vin pi mal. Li parèt nan kesyon planifikasyon ak aksyon Leta dominiken devanse nou paske bò isit dirijan nou yo plis pale mete la nan fè kòlòk ak konferans.

Kantite dlo ki nan Lac Azuei k ap gaspiye ta kapab sèvi pou wouze tè peyizan travayè sitou sa ki tou pre yo e kap viktim sechrès. Konsa yo ta sispann di Bondye bon nan tann lapli, e, yo te kapab kapte menm dlo sa a tou pou bay elektrisite jan sa fèt lòt peyi.

(JPG) Move eksplwatasyon karyè sab nan mòn yo, koupe pyebwa nan nenpòt kondisyon, se konsekans dirèk mizè popilasyon an ap viv, men tou se konsekans konpòtman lese grennen leta manfouben Ayisyen an ki pa janm pran desizyon pou fè anyen pou ede popilasyon an rale yon souf ak lamizè epi pran mezi pou drese sitiyasyon an. Nan ka sa a, nou fèk kòmanse pale de ewozyon, inondasyon ak deboulonnay tè. Ministè anviwònman gen anpil travay pou l ta fè pou ta motive popilasyon an ki pa rann li kont peyi a ap fini nan men li. Gouvènman monte, gouvènman desann, pa janm gen yonn ki gen yon politik rebwazman pou ta sove tèt mòn nou yo ki fin dekrenmen. Eske nou dwe kontinye tann toujou san anyen pa janm fèt pou pote solisyon pandan maladi a ap vin pi grav ?

Osny Agénor

SAKS



   
 


Tous droits réservés | © SAKS 2004
URL:
http://www.saks-haiti.org
Site concu et réalisé par Gotson Pierre du Groupe Medialternatif
Avec la participation de l'equipe du SAKS
Utilisation de
SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL