Sosyete Animasyon Kominikasyon Sosyal ||||| Société d'Animation et de Communication Sociale
SAKS
Accueil | Qui sommes nous?
 
Logo SAKS



Contact / SAKS
34, rue Dalencourt. Bourdon.
B.P. 15639
P.V., Haiti. Ht-6140
Phones:
(509) 514-0444
(509) 245-6422
(509) 245-9607
email:
saks@saks-haiti.org

Tous les courriels


Òganizasyon ayisyen ak dominiken ap chache ranfòse solidarite ant 2 peyi yo
Posté le jeudi 17 décembre 2009 par SAKS

Yon latriye òganizasyon ayisyen ak dominiken te brase lide nan Jimani (Sendomeng) soti vandredi 11 pou rive dimanch 13 desanm sou kisa yo kapab fè pou ranfòse solidarite ant Ayiti ak Dominikani, yon jan pou derasinen povrete sou zile a.

Objektif rankont sa a se te pou gade kijan komès la ap fèt ant 2 peyi yo, epi kijan relasyon komèsyal sa yo kapab amelyore. Brase lide yo te plis chita sou jan Sendomeng ak Ayiti fè echanj komès sou fwontyè a dèyè do lalwa paske militè dominiken, kontrebandye ak rakète tout plim tout plimay anpeche machann Ayiti yo jwi dwa yo genyen pou achte oubyen revann pwodwi yo nan mache ki sou fwontyè a. Machann ayisyen yo toujou fè fas ak yon pil ak yon pakèt pwoblèm nan mache fwontyè sa yo ki fèt swadizan pou 2 peyi yo, malgre se sou teritwa dominikani yo l ye.

Divès kalte denonsyasyon sou relasyon ant 2 peyi yo

Nan yon sal ki te ranpli ak òganizasyon k ap travay nan enterè peyizan ak pwodiktè nan chak peyi yo, patisipan yo te analize neglijans 2 chèf deta yo ki poutan gen bonjan relasyon zanmitay alòske popilasyon ayisyen ak dominiken ap viv tankou chen ak chat. Yo te pale tou sou dout yo genyen jis jounen jodi a pou konnen kisa ki anndan dokiman Leta ayisyen te siyen ak Leta dominiken sou jan pou komès la ta dwe fèt sou fwontyè a.

(JPG) Nan rankont la, gen kèk konsta ki te sòti. Pa ekzanp, konsta ki montre gen anpil enjistis k ap fèt nan limit 2 peyi yo swa Pedènal, Malpas, Ansapit, Dajabonn ak tout lòt kwen ki gen aktivite antre soti ant de (2) pèp yo. Yon lòt konsta ki fèt se kouman militè dominiken transfòme tèt yo tankou ajan dwàn nan ranmase lajan.

Asosyasyon machann Ansapit yo te bay temwayaj kote yo rakonte machandiz ki soti Ayiti pa gen okenn enpòtans pou Dominiken ki derifize yo rantre nan mache a ak yo. Machann ki goumen pou rantre yo dwe soti 1è apremidi paske mache a fèmen nan lè sa a, selon yon desizyon gwo ponyèt otorite Dominikani yo te pran.

Ginette ki te reprezante Solidarite Fanm Ayisyèn (SOFA) nan rankont sa a te denonse kijan li difisil chak fwa pou machann ayisyen yo jwenn kamyon pou transpòte machandiz yo soti Jimani pou rantre ann Ayiti. Pou rantre nan mache Jimani a ki konstwi nan bò pa panyòl epi ki fonksyone 2 fwa chak semèn, ou dwe peye ; pou soti tou ak machandiz ki se pwodwi dominiken ou achte, fòk ou peye ankò.

Rezo Fwontalyè Jano Siksè montre kijan koze vyolans lan ap kontinye fè raj ak konplisite responsab sekirite fwontyè yo. Malgre jefò yo fè swa nan sansibilizasyon tout kalte pou fini ak vyolans lan, li pako ka disparèt. Alexis Alphonse di li rekonèt gen Ayisyen ki vyolan, men yo pa ka rive nan may vwazen nou yo ki trete Ayisyen yo « dyab ».

Delegasyon Ayiti a te montre endiyasyon yo apre deklarasyon prezidan dominiken an Léonel Fernández te fè nan peyi Lafrans 2 desanm 2009 la kote l te mande pou MINUSTAH ta rete 10 lane ankò nan peyi a, epi pou gen pase men ki fèt nan Konstitisyon peyi d Ayiti. Anpil Dominiken ki te nan seyans lan pa t vle pale sou deklarasyon prezidan dominikan an paske, selon sa yo te di, « se pa te sa yo te vin regle nan rankont la ».

Koze Ayisyen k ap viktim toutan sou teritwa dominiken an pa te sonnen byen tou nan zorèy kèk patisipan dominiken ki te toujou pran prekosyon pou pa rantre nan kalte deba sa yo.

Gen yon komisyon binasyonal ki monte pou travay sou yon rezolisyon

Malgre diferans ak deba divès kalte ki te fèt nan rankont la, òganizasyon ayisyen ak dominiken yo te rive mete yo dakò sou kèk pwen. Pa ekzanp, tout moun ki te patisipe nan rankont la te soti ak konviksyon yo tout deside pou lite pou chanje sitiyasyon an nan mache fwontyè yo, malgre tout pawòl negatif k ap di sou 2 pèp yo ansanm ak move aksyon Ayisyen yo ap sibi sou tè vwazen.

Oganizasyon ki te prezan yo te monte yon komisyon binasyonal ki pral travay sou yon rezolisyon nan yon dokiman ki pako ofisyèl. Nan rezolisyon sa a, yo pral mande : pou pri viza bese ; pou chak peyi yo gen mache pa yo epi pou l fonksyone plis jou ; pou 2 gouvènman yo fikse pozisyon yo klè epi eklèsi piblik la sou akò ki te siyen sou Divalye nan jan komès dwe fèt sou fwontyè a ; pou taks mache yo separe ant 2 peyi yo san fòs kote (jouk jounen jodi a, Ayiti pa janm jwenn anyen ladan kòb taks sa yo) ; pou repare wout yo ; pou pri apèl telefòn ant Ayiti ak Sendomeng bese.

Òganizasyon ak enstitisyon ki te prezan nan 2 jounen refleksyon sa yo, pou bò kote Ayiti se te : GARR, PAPDA, ICKL, SAKS, TET KOLE, MPP, MPNKP, SOFA, RENASSA, Rezo Fwotalyè Jano Siksè, VEDEK, Veterinè san Fwontyè, SKDK, POHDH, Sendika ED’H, ITECA, AFIDEPA,MODEP, AMA, UNOH, CROSE, Solidarité Frontalière, Club de la découverte. Pou bò kote Ladominikani, se te : Cooperativo integral, Cooperativo Ideal, Federación Campesina, CD import/export, Plataforma Vida, GNE COOP., FEMUCABA, Federación mujeres Barahona...

Osny Agénor

Rezo Edikasyon Radyofonik SAKS

SAKS



   
 


Tous droits réservés | © SAKS 2004
URL:
http://www.saks-haiti.org
Site concu et réalisé par Gotson Pierre du Groupe Medialternatif
Avec la participation de l'equipe du SAKS
Utilisation de
SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL