Sosyete Animasyon Kominikasyon Sosyal ||||| Société d'Animation et de Communication Sociale
SAKS
Accueil | Qui sommes nous?
 
Logo SAKS



Contact / SAKS
34, rue Dalencourt. Bourdon.
B.P. 15639
P.V., Haiti. Ht-6140
Phones:
(509) 514-0444
(509) 245-6422
(509) 245-9607
email:
saks@saks-haiti.org

Tous les courriels


Ajennda “Nou pap dòmi bliye” 2010 la pare
Posté le jeudi 17 décembre 2009 par SAKS

Lane 2010 la make 11zyèm edisyon Ajennda “Nou pap dòmi bliye”. Depi eksperyans lan te kòmanse nan lane 2000, Sosyete Animasyon Kominikasyon Sosyal (SAKS) pa janm manke randevou pwodwi Ajennda sa a pou raple tout zanmi li yo chimen pou n tabli sosyete san fòs kote a long anpil. Yon Ajennda ki charye lide, opinyon ak vizyon yon bann moun ak sektè ki kwè lòt kalte sosyete a, lòt Ayiti a posib e k ap travay pou tabli lòt kalte vizyon sa a nan tout rakwen peyi a.

Ajennda popilè “Nou pap dòmi bliye” a ranmase vizyon ak lespwa yon dividal moun ki kwè nan mouvman popilè a, pandan li rete yon zouti pratik k ap ede nou planifye jounen nou, travay nou ak diferan aktivite nou gen pou nou mennen pandan ane a. Li ofri nou tou posiblite pou n ranmase yon bann enfòmasyon ak konesans itil ki kapab ede bay mouvman popilè a jarèt, ki kapab tou ranfòse mouvman popilè a detan l ap ogmante enfòmasyon nou genyen sou travay SAKS ap fè yo.

“Dwa Kominikasyon, yon dwa fondamantal” se tèm SAKS chwazi pou lane 2010 la. Yon tèm ki marande ak objektif SAKS bay tèt li nan lide pou jwenn yon kad legal pou fonksyònman radyo kominotè yo. Se vre nou jwenn dwa kominikasyon an nan anpil trete ak konvansyon entènasyonal peyi d Ayiti siyen. Dwa sa a konsakre tou nan atik 28 konstitisyon 1987 la, men èske dwa sa a respekte vre ? Eske mwayen kominikasyon yo alapòte tout moun menm jan ? Eske tout moun konnen atik 28 Konstitisyon 1987 la di “ Tout moun gen dwa di sa yo panse libelibè ak mwayen yo chwazi” ?

Se nan sans sa a, pou eseye pouse kesyon an pi lwen nan ede popilasyon an konprann pi byen ki sa dwa kominikasyon an ye, kote li soti ak enpòtans li nan aplikasyon lòt dwa yo, nou trete tèm sa a nan ajennda 2010 la.

SAKS kontan anonse w Ajennda Popilè 2010 « NOU PAP DÒMI BLIYE » a pare. Ou ka kòmanse fè kòmand ajennda pa w la depi kounye a nan SAKS. Pri a se 225 Goud.

Pou plis enfòmasyon oubyen pou pase kòmand, kontakte nou nan adrès sa yo :

# 34, ri dalankou, Kanapevè

Tel : (509) 245- 6422

Adrès entènèt : saksht@yahoo.fr/ saks@saks-haiti.org

SAKS



   
 


Tous droits réservés | © SAKS 2004
URL:
http://www.saks-haiti.org
Site concu et réalisé par Gotson Pierre du Groupe Medialternatif
Avec la participation de l'equipe du SAKS
Utilisation de
SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL